Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

www.pih.org/practitioner-reso...nt-agents-in-haiti

Pou moun rete an sante epi pou yo rete djanm, yo bezwen byen manje (bon nitrisyon). Pou byen manje, moun dwe manje kantitemanje ki kòrèk la nan bon kalite manje chak jou (manje byen balanse). Si moun pa manje kantitemanje ki kòrèk la ak bon kalite manje, tankou manje ki pwoteje kò, ki bati kò epi ki bay kò fòs ak enèji epi si yo pa gen kantite vitamin ak minewo ki kòrèk la, lè sa a yo mal manje. Malnitrisyon vle di mal manje oswa kò a pa jwenn manje ak nitriman ki kòrèk yo pou li fonksyone byen.

Lè moun malnouri, yo konn vin fèb, epi yo konn vin mèg. Mal manje febli rezistans kò a kont maladi. Mal manje grav ka lakòz lanmò.

Malnitrisyon gen plis danje toujou pou timoun ak fanm ansent. Si yon fanm malnouri pandan gwosès li, oubyen si timoun nan malnouri pandan premye ane nan lavi li, devlopman mantal timoun nan ak devlopman fizik li ap ralanti. Se pa yon bagay ki ka korije lè timoun nan vin pi gran. Sa ap nui li pou tout rès vi li. Pa egzanp timoun nan ka fè klas ki pi ba yo sèlman, sa ka fè li gen pwoblèm pou li jwenn yon bon travay epi pou li fòme yon fanmi kòm granmoun.

Kèk nan prensipal rezon pou malnitrisyon, sitou pou fanm ak timoun, se lamizè, manke manje, maladi, mal manje, oubyen move ijyèn ak tabou. Lè yon fanmi pa gen ase manje epi li nan sitiyasyon ki fè yo ka trape dyare ak lòt maladi fasil, timoun yo gen plis chans pou yo malnouri pase granmoun. Lè timoun tonbe malad, yo pèdi enèji ak nitriman rapid, sa vin mete lavi yo an danje pi rapid pase granmoun.

Malnitrisyon se yon pwoblèm grav nan peyi nou, se yon pwoblèm sant sante ak lopital, Ministè Sante piblik, lòt sèvis nan gouvènman, ak ONG yo ap travay pou yo regle. Ajan Kore Fanmi yo gen yon wòl enpòtan nan travay sa a.