Tout kote moun ap pale sou jesyon bèt k’ap atake jaden, yo pi souvan adrese kijan ou dwe siveye pou bèt epi kisa ou ka fè pou redwi yo lè yo parèt : enspeksyon, idantifikasyon, pwazon, elatriye. Men, prevansyon se yon estrateji ki kle epi souvan moun pase sou li san yo pa rann kont. Genyen teknik kiltivatè a kapab anplwaye pou l’ minimize chans pès yo pral bay li pwoblèm. Nan atik sa a, nou pral eksplore ki wòl prevansyon kapab jwe nan afè jesyon bèt, ensèk, ak maladi (pès) ki lènmi jaden an.
ENTWODIKSYON
Kisa Yon Pès Ye ?
Nan kad agrikilti, yon pès se nenpòt òganis ki enfekte, ki menase, oubyen ki donmaje yon plant ou anvi pwodwi. Yon egzanp se raje. Raje a se yon menas (yon pès) depi li nan konpetisyon ak sa ou plante a pou resous ki disponib yo. Li fatige plant ou yo lè l’ bwè dlo ki te pou yo. Yon bakteri, yon chanpiyon (fongis), osinon yon viris ka lakòz maladi nan plant ou yo, epi konsa nou konsidere yo kòm pès. Ti pès sa yo mache. Yo sòti nan yon plant ale nan yon lòt. Tibèt ka transpòte yo osinon gwo bèt, menm lòm kapab transpòte yo. Pafwa yo pase nan dlo a oubyen nan lè a. Pès ki pi komen yo se tibèt. Li te ka kèk grenn ti mouch piti osinon yon inondasyon krikèt vèt. Genyen lòt pès ankò ki pi gwo : zwazo, sourit, rat. Yo tout kapab menase yon rekòt.
Se vre genyen pès ki atake pwodwi ki gentan rekòlte epi ki nan depo deja, tankou mayi, pitimi…(Sallam, 1999 ; Manandhar et al., 2018). Men, nan atik sa a nou pral fikse je nou sou kijan nou kapab anpeche pès ki atake jaden an menm. Pandan tout rès atik sa a, depi nou di ‘pès’, n’ap pale egzakteman sou pès nan jaden an ki afekte plant yo n’ap kiltive.
Yon Ti Rale Sou Afè Pestisid (pwodwi chimik ki atake pès)
Nan divès kilti epi nan divès epòk, lòm souvan itilize yon bann resous, yon bann estrateji, epi yon bann teknik pou lite kont pès nan jaden. Pandan kèk mil ane moun ap itilize yon seri bagay natirèl kòm pestisid. Souf (S) se yon egzanp. Konsa tou, pestisid chimik yo (bagay lòm fabrike) se bagay ki pa la twò lontan, depi 1940 konsa sèlman.
Sa K’ap Mennen Nan Peyi Emisfè Nò Yo : Revolisyon Endistriyèl la ansanm ak Revolisyon Vèt “Green Revolution” lan nan emisfè nò a te lakòz yon bann pestisid chimik te gaye rapidman toupatou nan lemonn san moun yo pa t’ pran san yo pou konsidere ki efè negatif bagay sa yo ka genyen sou sante lòm osinon sou sante anviwònman an. Je moun te resi louvri sou kèk pwoblèm pestisid sa yo t’ap kreye nan lanne 1960 yo. Se lè sa yo mete yon bann òganizasyon sou pye pou pwoteje anviwònman an kont pestisid ki danjere. Koulye a, gouvènman yo nan anpil peyi mete kontwòl sou afè pestisid. Yo fè sa pou pwoteje kiltivatè yo, moun k’ap transpòte pestisid yo, ansanm ak anviwònman an an jeneral.
Sa K’ap Mennen Nan Peyi Emisfè Sid Yo :
Nan mwatye latè ki anba a, gen anpil divèsite nan jan moun yo ka jwenn pestisid, nan jan yo itilize yo, epi nan jan gouvènman yo mete kontwòl. Chak epòk epi chak zòn genyen istwa pa l’. Tablo #1 detaye kèk tandans pou chak rejyon. Nan Lamerik Disid epi nan Lamerik Santral pandan trant (30) ane ki pase yo, genyen ogmantasyon nan kantite pestisid k’ap itilize. Sepandan, lòt rejyon twopikal yo rete prèske menm jan an (FAOSTAT, 2019
; Schreinemachers epi Tipraqsa, 2012). Jiska vennsenk pousan (25%) nan peyi emisfè sid yo manke regleman pou kijan moun dwe itilize pestisid, epi kote ki genyen regleman ki ekri, yo souvan pa
respekte yo. Sa pase konsa pou plizyè rezon : souvan otorite yo manke resous pou fè plis, ka manke motivasyon pou fè moun respekte lòd yo, manke estanda pou bagay anviwònman an, epi pa gen tèt ansanm pami enstitisyon ki enplike yo (Phung et al., 2012 ; Schreinemachers epi Tipraqsa, 2012 ; Kegode, 2019). Souvan kiltivatè yo pa konnen kijan pou yo prepare pestisid yo byen ni kijan yo ta sipoze itilize yo. Yo pa konnen kisa pou yo fè avèk po ki vid yo. Yo pa itilize yon seri ekipman ak materyèl ki te ka pwoteje kò yo pandan y’ap manyen pestisid yo. Pou lite kont bann pwoblèm sa yo, epi pou mete kèk estanda nan afè pestisid pou tout peyi k’ap itilize yo, FAO (Food and Agriculture Organization of the United Nations) epi WHO (World Health Organization) te pibliye yon dokiman ki rele Kòd Kondwit Entènasyonal pou Jesyon Pestisid (The International Code of Conduct on Pesticide Management).
Kèk Pwen Sansib Pou Jesyon Pès Yo
Chanjman nan klima planèt la, nouvo pès ki apenn parèt, epi kèk lòt eleman ankò ap ogmante pwoblèm yo nan zòn twopikal yo aktyèlman kote manje deja yon pwoblèm pou anpil moun. Pès yo ap detwi anpil jaden. Kiltivatè k’ap travay tè nan zòn kote ki manke resous ap sibi pi gwo chòk (Chakraborty epi Newton, 2011). Yon egzanp se Lès Afrik. Pandan twa (3) ane ki pase yo, sechrès avèk yon kalite vè ki anvayi jaden mayi yo chak sezon lotòn lakòz kèk nan moun yo pèdi jiska sanpousan (100%) nan rekòt yo ta sipoze fè yo. (FAO, 2017 ; Sisay et al., 2019).Pestisid chimik deja jwe yon wòl kle nan pwodiksyon manje pou popilasyon latè a k’ap grandi jou an jou. Men, plis moun itilize pestisid, se plis genyen menas pou sante moun ak pou anviwònman an. Plis moun itilize pestisid, se plis nou p’ap kapab kontinye pwodwi manje nan nivo n’ap pwodwi li jodi a. Yon egzanp se bèt ki kòmanse devlope rezistans devan kèk nan pestisid yo. Plis bèt yo devlope rezistans, se plis
pestisid sa yo p’ap efikas pi devan.
Sityasyon delika sa a ki nan lemonn antye demontre yon bezwen reyèl pou yon apwòch sistematik ak plizyè branch pou jesyon pès yo. Pou l’ mache divès kote, fòk apwòch la bay kiltivatè yo plizyè opsyon pou yo eseye kontwole pès yo nan nenpòt kalite jaden yo genyen (sòti nan yon ti kal tè rive jouk nan
gwo fèm ki vas anpil) avèk divès resous. Jesyon Pès Entegre (Integrated Pest Management) vle di “jesyon
pès yo yon fason ki entegre.” Se yon estrateji ki baze sou lide kiltivatè te bay. Li fleksib anpil selon reyalite chak kiltivatè. Li redwi kantite pestisid moun anplwaye, sepandan li rekonèt kijan yo enpòtan pafwa. Teknik Jesyon Pès Entegre ap grandi nan popilarite depi 1989. Yon rezon prensipal pou popilarite sa a se yon òganizasyon ki rele FFS (Farmer Field Schools), ki vle di Lekòl Pratik pou Kiltivatè, k’ap fè yon bon travay pou edike moun sou afè Jesyon Pès Entegre (Peshin et al., 2009).
Jesyon Pès Entegre konsantre l’ sou gwo sistèm laj la. Li mare ansanm plizyè teknik ak kontwòl pou li eseye redwi pès yo alontèm. Chak kiltivatè endividyèlman dwe genyen pwòp plan Jesyon Pès Entegre pa l’. Plan sa dwe amelyore jou an jou chak fwa li pase nan yon sik. Gade tablo #2 pou wè senk (5) aspè yo ki fè pati sik la. Pou tout rès atik sa a, nou pral konsantre nou sou de (2) nan aspè sa yo, ki se konesans ak prevansyon.
KONESANS
Depi ou vle estrateji Jesyon Pès Entegre lan amelyore tanzantan, aprantisay se toujou yon bagay ki itil pandan tou sa w’a fè. Men, li se yon pi gwo avantaj espesyal sitou nan kòmansman plan an. Pou jwenn kèk nan enfòmasyon enpòtan yo, ou ka oblije kolabore avèk lòt moun nan menm kominote a.
Idantifye Pès Konsekan Yo Ki Prezan Nan Rejyon An
Pès ki prezan pou menase yon jaden pandan tèl sezon kapab chanje. Sa ki pa prezan ane sa a kapab prezante lòt ane. Pafwa se komès global ki entwodwi pès nouvo nan yon zòn. Pafwa se gaye pès yo ap gaye ki fè yo rive nan tèl zòn kote yo pa t’ ankò rive. Kanmenm, li enpòtan pou toujou anrejistre ki pès kiltivatè yo kontre pandan tèl sezon. Se konsa ou ka rive konprann ki pès ki pi komen, epi kilè yo gen tandans parèt chak ane.
Aprann Sikdevi (Etap Lavi) Pès Konsekan Yo
Chak kalite pès genyen yon sikdevi oubyen yon seri etap diferan li pase pandan l’ap viv. Chak ensèk
genyen pa l’. Yo pa menm. Ou ta sipoze kapab idantifye pès ki komen yo nan tout divès etap yo. Fòk ou ka rekonèt ze yo, lav yo, nenf yo, krisalid yo, osinon adilt la (Gade Tablo #3). Depi ou fò nan rekonèt etap diferan sa yo, w’ap pi fasil fè entèvansyon an. Genyen entèvansyon k’ap efikas sèlman pandan tèl etap. Si ou gen bon enfòmasyon sou dire lavi bèt la, e si ou byen konnen si bèt la pase nan yon etap kote li genyen zèl, sa va pèmèt ou estime ak ki vitès pès la kapab gaye. W’ap gentan konprann si li byen mobil osinon plizoumwen estab.
Idantifye Tou Sa Ki Reprezante Yon Lènmi Pou Pès Konsekan Yo
Genyen yon seri lènmi natirèl pou pès yo ki ka deja prezan nan anviwònman an epi k’ap ede kontwole popilasyon pès yo. Se nòmal. Genyen kèk lènmi moun fasil konnen deja (Gade Tablo #4). Sepandan, genyen lòt lènmi ou mal pou rekonèt si ou pa fè yon bon obsèvasyon serye. Egzaminen kijan pès la fè fwotman avèk lòt kalite bèt. Depi ou idantifye yon lènmi pou tèl pès, ou kapab note abondans lènmi an ni anvan ou plante ni pandan plant yo ap viv.
Detèmine Kèk Bagay Nan Rejyon An Ki Ka Afekte Nan Ki Mezi Pès Yo Peze Jaden Yo
Fòk ou byen swiv tout bagay nan rejyon kote ou ap travay la ki te kapab genyen enfliyans sou pès yo. Li
ka yon bagay nan anviwònman an…petèt kèk tandans ou obsève pandan plant ap grandi osinon lè ou fin rekòlte. Li te kapab yon bagay kiltirèl, ekonomik, politik, osinon sosyal tou. Men kèk egzanp anba. Se yon seri kesyon ki merite adrese nan nivo kominote kote w’ap eseye travay tè a.
- Èske tout moun plante nan menm moman an ? Genyen yon seri pès ki atake plant yo sèlman pandan yon vye ti faz nan devlòpman plant yo. Si tout moun nan rejyon an plante nan menm moman an, li pi fasil pou yo tout viv pwoblèm pès yo menm jan an. Pa kont, si genyen youn pami kiltivatè yo ki plante apre tout lòt yo, li kapab soufri plis (paske se sèlman jaden pa l’ ki nan faz pès yo renmen an, epi konsa tout pès yo nèt desann sou jaden pa li a ansanm.)
- Nan rejyon kote ou ye a, èske sosyete a avèk kilti a dakò avèk pestisid ? Si gouvènman an mete limit sou tèl pestisid, kiltivatè yo dwe respekte limit sa yo epi swiv konsiy otorite yo. Si genyen tèl pestisid moun yo nan kominote a pa dakò, kiltivatè a gen devwa pou li avèti kominote a davans ki teknik Jesyon Pès Entegre li konte itilize. Konsa kominote a gen chans pou li reyaji. Men yon egzanp : Si yon kiltivatè ap lage pestisid sou yon tè, epi si tè a sitiye toupre yon lekòl, kominote a genyen dwa mande kiltivatè a pou l’ simen pestisid yo nan yon moman kote timoun pa prezan nan lekòl la. Kominote a te kapab mande mèt tè a pou li mete yon baryè ant jaden l’ e lekòl la pou pwoteje timoun yo. Èske kominote a deja genyen yon seri objèktif pou afè jere pès ?
- Ki Teknik Ki Gen Plis Chans Reyisi Dapre Resous Ki Disponib Yo ? Fè yon lis kote ou note tout kalite teknik moun deja eseye pou jere pès yo. Note nan ki degre chak teknik te efikas (menm si ou pa gen bon jan done k’ap pèmèt ou evalye san okenn patipri). Ki kantite tan moun deja envèsti nan kesyon pès la ? Ki kalite resous yo deja ap anplwaye ? Ki efò k’ap fèt deja ? Yon mank resous kapab limite kantite teknik yo ki ka dire epi ki a rezonab nan jesyon pès yo.
Konesans se yon bagay enpòtan nan afè Jesyon Pès Entegre (IPM- Integrated Pest Management) ki yon lòt fwa ankò vle di “jesyon pès yo yon fason ki ini.” Konesans rann kiltivatè yo pisan paske yo gen plis lide sou detay pès la. Sa ede yo vire lide. Konsa, yo pa rete ap tann pou wè ki pwoblèm ki parèt sou yo. Yo pa oblije rete ap degaje yo avèk pwoblèm. Okontrè, yo aji davans pou yo anpeche pwoblèm.
PREVANSYON
Lè nou pale sou prevansyon pès yo, n’ap pale sou tou sa n’ ka fè pou minimize kapasite pès yo genyen pou yo prezan nan jaden nou yo. Se travay nou fè pou evite pès yo. Tout mezi nou ka pran pou anpeche prezans pès yo, se sa menm ki fondasyon sa nou rele Jesyon Pès Entegre. N’ap minimize risk la ki ka fè n’ pèdi jaden an. Pami tout kalite teknik moun itilize (byolojik, fizik, kiltirèl, chimik), genyen teknik nou klase kòm teknik prevansyon e lòt nou klase kòm teknik eliminasyon (Gade tablo #5). Teknik prevansyon yo va kreye yon seri kondisyon ki pa favorab pou pès yo. Egzanp se fè pès yo mal pou jwenn dlo, mal pou jwenn manje, osinon mal pou jwenn kote pou yo kache kò yo. Teknik eliminasyon yo se lè n’ touye pès yo, kenbe pès yo nan pèlen. Se redwi n’ap redwi popilasyon pès yo. Nan sa nou pral pale koulye a, se sèlman teknik prevansyon yo n’ap etidye.
Prensip Pou Prevansyon Epi Kèk Egzanp Prevansyon
Chwazi Plant Sila Yo Epi Varyete Sila Yo Ki Pi Byen Reziste Devan Pès Yo
Chak kalite plant genyen karakteristik pa l’ nan jan li natirèlman kenbe tèt avèk tèl pès. Konsa tou, pami tèl kalite plant, ou ka twouve tèl varyete ki gen pi bon defans pase lòt yo. Plant konn defann tèt yo kont pès nan plizyè fason diferan.
Degoutans – Genyen plant ki posede yon karakteristik (swa koulè, odè, eleman toksik, gou, elatriye) ki rann pès yo pa anvi frekante li. Yon egzanp se kèk espès pwa kote tout kò plant lan kouvri avèk yon bann ti plim. Plim sa yo mare pye ensèk yo ki vin chita sou yo. Plim yo jennen ensèk yo jouk yo chwazi pa ateri sou plant sa yo epi yo pa ponn ze sou plant sa yo nonplis. Yon lòt egzanp se yon seri plant ki pa gou nan bouch pès yo, osinon ki reprezante yon pwazon pou yo. Sa lakòz pès yo pa frekante plant sa menm (omwen yo p’ap retounen sou li si yo goute l’ yon fwa).
Rezistans – Genyen plant ki adapte yon fason pou redwi kantite domaj yon pès kapab kreye lakay li. Deja genyen anpil varyete plant ki egziste paske kiltivatè te seleksyone sèlman pye sa yo ki gentan devlope yon rezistans devan tèl pès. Yon gwoup ki rele. International Rice Research Institute (Enstiti Entènasyonal Pou Fè Rechèch Sou Diri) gentan devlope kèk kalite diri ki reziste devan tèl pès. Gen moun ki fè menm travay la pou pitimi, jouk plant yo ka reziste kont vè pitimi, kont mit, kont pichon, epi kont cheni (Sharma, 1993). Enstiti Entènasyonal Pou Agrikòl Tropikal (International Institute of Tropical Agriculture) gentan prepare yon kalite manyòk ki reziste devan de (2) maladi diferan ki konn atake pye manyòk yo (cassava mosaic disease epi cassava brown streak disease) (Hahn et al., 1980).
Tolerans – Plant yo konn pi djanm epi pwodwi pi plis apre pès gentan domaje yo. Yo gen kapasite pou yo lite kont yon maladi epi pou yo geri apre yo sibi yon chòk. Moun k’ap seleksyone nouvo varyete plant konn chache sila yo ki deja gen tolerans (ki ka sipòte) a tèl ensèk oubyen tèl maladi. Pami kalite tomat ki genyen, genyen divès nivo yo ka tolere enfeksyon viris tankou yon maladi yo rele jonisman fey tomat.
Pami kalite konkonm ki genyen, genyen divès nivo yo ka tolere enfeksyon viris tankou sa yo rele Viris Mozayik Konkonm (Pagán and García-Arenal, 2018).
Ankouraje Plant Yo Refè Apre Atak Pès/Maladi
Depi materyèl pwopagasyon ou yo nan bon sante, sa va ede ou etabli yon rekòt ki bon. Fè sèten grenn ou ranmase yo pou konsève se grenn ki fin devlope byen epi ki mi. Toujou chwazi semans osinon materyèl pwopagasyon ki PA gen maladi, ki vivan, epi ki gen bon fòs. Genyen maladi ki renmen gaye nan mitan materyèl pwopagasyon yo. Depi yon branch enfekte, tout pil la ka enfekte. Pandan toutan plant yo fè nan tè, siveye pou wè si ou ka wè kèk ki rezistan oubyen ki ka sipòte pi byen. Make sila yo ki demontre bon kalite sa yo. Itilize materyèl pwopagasyon ki sòti nan pye sa yo menm.
Depi plant yo jwenn tout resous yo bezwen, yo pi fasil repouse pès ak maladi. Depi plant yo manke nan resous ki nesesè yo, yo vin fèb. Yo pa kapab refè osi vit. Pou ou redwi kalite pwoblèm sa yo, toujou plante nan lè pou ou plante a, toujou respekte distans ki dwe genyen ant plant yo, epi fè yo jwenn kantite dlo ak angrè yo bezwen. Pou sa reyalize, ou ka oblije varye kilè ou mete angrè nan tè a (egzanp se fimye osinon konpòs). Fòk plant yo jwenn sa yo bezwen lè yo bezwen l’ pou yo kapab pwofite nan chak etap yo pase.
Pratike Bon Ijyèn Jaden
Pafwa genyen pès ki antre nan raje a ki prezan nan jaden yo. Yo ka miltipliye sou raje a menm. Pou kontwole popilasyon pès yo, ou ka redwi osinon deplase tout bagay kote pès yo renmen rete. Rache move zèb ki kreye yon lojman pou pès yo. Retire nan jaden an tout plant ak tout rès plant ki gen maladi sou yo deja. Pou pratike bon ijyèn nan yon jaden, sa vle di ou netwaye zouti yo apre ou fin travay bò kote plant ki malad yo. Si ou itilize yon sizo pou debranche plant ki malad, dezenfekte sizo a (avèk chalè, osinon avèk alkòl [isopropyl], osinon ak vinèg) anvan ou al itilize menm sizo a nan plant ki poko enfekte yo. Konsa ou redwi chans lan pou maladi a transfere ale nan lòt plant ki poko malad.
Fè Wotasyon Rekòt Yo (Swa Nan Espas Kote Ou Plante Yo Osinon Nan Lè Ou Plante Yo)
Rekòt ki nan menm fanmi gen tandans soufri devan menm pès yo ak menm maladi yo. Lè ou fè wotasyon rekòt yo, sa kapab ede ou detwi sikdevi (divès etap lavi) pès la paske pa fwa pès la pa jwenn plant li te bezwen yo pou li viv. Yon fason ou ka fè l’ se varye ki bagay ou plante nan tèl tè. Chwazi rekòt ki pa genyen menm pès ki fatige yo (Gade Tablo 6A). Plant ki repouse osinon ki touye yon pès kapab antre nan wotasyon avèk plant ki pè menm pès la. Yon egzanp se lè ou plante yon plant ki konn soufri poutèt nematòd men ou plante l’ nan wotasyon ak yon seri plant ki
repouse nematòd (gade EDN 75 pou kèk posibilite). Nan yon tè kote ou plante plizyè jaden alafwa, ou kapab fè wotasyon kote chak bout tè pa toujou resevwa menm rekòt la (Tablo 6B). Si ou toujou gen abitid vire ki plant ki nan ki tè, sa va ede ou redwi popilasyon pès yo jou an jou.
Ou ka anvi plante tèl plant selon ki lè popilasyon pès yo va pi plis. Si tèl pès konn disparèt (dòmi) pandan yon peryòd (swa poutèt fredi osinon poutèt sechrès), epi si ou plante anvan pès yo leve ankò, plant yo kapab gentan devlope yon ti fòs anvan pès yo kòmanse tonbe sou yo. Men, note byen si kiltivatè yo nan rejyon an plante nan divès moman, sa vle di genyen pami yo k’ap sibi pi plis pase lòt nan afè pès yo. (Jaden ki pare anreta va sibi plis chòk paske tout pès yo desann sou yo ansanm.) Fòk ou rann kont kijan moun nan rejyon an deside kilè yo plante.
Fè Plan Pou Redwi Osinon Minimize Pès Yo (Jesyon Anviwònman An)
Fason ki pi bon pou redwi pwoblèm pès yo alontèm se metòd yo ki adrese anviwònman an. Se pa difisil pou konprann sa. Metòd sa a vle di ou eseye kreye yon sistèm kote ou mennen pès yo rete lwen jaden yo osinon ou kreye kondisyon favorab pou tout bèt ki lènmi pès yo. Prèske tout metòd sa yo ki adrese anviwònman an globalman va ogmante divèsite pami plant yo nan sistèm lan. Gurr et al. (2003) esplike kijan divèsite nan mitan plant yo se yon bagay ki ede nan jesyon pès yo, epi ki redwi nan kantite bagay ou oblije ajoute nan tè a. Otè yo byen dekri kijan benefis yo ki vini apati metòd sa yo ale pi lwen pase jesyon pès sèlman.
Konsève zòn natirèl otou jaden yo se yon lòt bagay ki ka anpeche pès yo fè menas. Sa fèt plizyè fason. Plant ki natif natal nan zòn lan konn rale yon seri ensèk ki atake pès yo tou dirèk, osinon ki redwi nan pès yo paske y’ap goumen pou menm resous yo. Pyebwa ak lòt barikad ki antoure jaden an kapab anpeche kèk nan pès yo wè jaden an, osinon anpeche yo antre menm.
Pafwa yon kiltivatè kapab plante yon plant toutotou jaden an ki sèvi yon pèlen. Yo plant pèlen se yon plant pès yo renmen abòde. Depi kiltivatè a plante pèlen an toutotou jaden an, pès yo gen tandans bay jaden an vag pou yo atake pèlen an pito. Genyen plant pèlen ki natirèlman anpeche pès la pase nan tout sikdevi (divès etap lavi) li yo. Si se konsa, kiltivatè a pa oblije fè anyen ankò. Nan kèk lòt sikonstans, kiltivatè a oblije fè entèvansyon pou li detwi pès yo ansanm ak plant pèlen an. Pou fè sa, yo ka koupe l’ jete l’ devan bèt, osinon yo ka boule l’. Nenpòt jan, pès yo fini nan plant pèlen an epi jaden an sove.
Yon kiltivatè kapab plante yon seri plant nan mitan jaden an pou viv ansanm ak rekòt li yo kòm plant patnè. Plant patnè sa yo ka pote benefis nan plizyè fason. Genyen ki tou repouse pès k’ap nwi rekòt la. Yon egzanp se yon flè ki rele sousi (Non lasyans: Tagetes. Non anglè: marigold) . Li ka redwi popilasyon plizyè kalite pès (pou plis enfòmasyon sou Tagetes, gade EDN 132). Genyen lòt plant patnè ankò ki natirèlman atire bèt ki manje pès yo.
Genyen yon teknik yo rele Push-Pull (Pouse-Redi). Teknik sa a itilize ni plant pèlen ni plant patnè ansanm. Konsa ou pouse pès yo ale pandan ou redi yo ale tou. Yon gwoup ki rele The International Centre of Insect Physiology and Ecology ansanm avèk The Kenya Agricultural Research Institute gentan devlope yon sistèm konsa. Li detaye nan EDN 116.
KONKLIZYON
Kiltivatè k’ap travay ti jaden nan zòn twopikal yo deja anfas yon seri pwoblèm ki parèt men wotè ! Vin genyen plis moun. Klima a pa estab. Va gen bezwen pou tè yo byen pwodwi pandan anpil tan k’ap vini. Sa rann pwodiksyon manje yon gwo defi nan zòn sa yo. Jesyon Pès Entegre (Integrated Pest Management) vle di “jesyon pès yo yon fason ki ini.” Se yon teknik ki ekipe kiltivatè yo avèk ladrès pou fè bon desizyon. Depi kiltivatè yo konsantre yo sou konesans ak sou prevansyon pès yo, yo kòmanse santi yo gen kontwòl travay la. Yo ka pwodwi plis. Yo pa rete sezi devan pès yo ki parèt nan jaden an, men yo prepare pou yo pito.
Références
Chakraborty, S. et A.C. Newton. 2011. Climate change, plant diseases and food security: an overview [Changement climatique, maladies des plantes et sécurité alimentaire: un aperçu]. Plant Pathology 60:2-14.
FAO. 2017. Fall armyworm spreads to East Africa. FAO in emergencies. [La légionnaire d'automne se propage en Afrique de l'Est. FAO en situation d'urgence]. Consulté le 9 septembre 2019 http://www.fao.org/emergencies/fao-in-action/stories/stories-detail/en/c/882822/
FAOSTAT. (Consulté le 19 septembre 2019). Mots de recherche: Indicateurs agroenvironnementaux, Pesticides (Total), et utilisation par superficie de terres cultivées. http://www.fao.org/faostat/
Gurr, G.M., S.D. Wratten, et J.M. Luna. 2003. Biodiversité agricole multifonctions: lutte antiparasitaire et autres avantages. Basic and Applied Ecology 4(2):107-116.
Hahn, S.K., E.R. Terry, et K. Leuschner. 1980. Breeding cassava for resistance to cassava mosaic disease [Sélection du manioc pour une résistance à la maladie de la mosaïque du manioc]. Euphytica 29(3):673-683.
Kegode, G.O. 2019. Synthetic Pesticides in Africa: the Good, the Bad, and the Ugly. Feed the Future [Les pesticides synthétiques en Afrique: les bonnes, les mauvaises et les vilaines. Nourrir le futur]. Consulté le 11 septembre 2019. https://www.agrilinks.org/post/synthetic-pesticides-africa-good-bad-and-ugly
Manandhar, A., P. Milindi, et A. Shah. 2018. An Overview of the Post-Harvest Grain Storage Practices of Smallholder Farmers in Developing Countries [Aperçu des pratiques de stockage des céréales après récolte des petits exploitants dans les pays en développement]. Agriculture 8(4):57.
Pagán, I., et F. García-Arenal. 2018. Tolerance to plant pathogens: theory and experimental evidence [Tolérance aux agents phytopathogènes: théorie et preuves expérimentales]. International Journal of Molecular Sciences 19(3):810.
Peshin, R., R.S. Bandral, W.J. Zhang, L. Wilson, et A.K. Dhawan. 2009. Integrated Pest Management: A Global Overview of History, Programs and Adoption. In: Integrated Pest Management: Innovation-Development Process [Lutte intégrée: aperçu mondial de l'histoire, des programmes et de l'adoption. Dans: Lutte intégrée: Processus d’innovation et de développement]; R. Peshin et A.K. Dhawan, Eds. Springer, Dordrecht.
Phung, D.T., D. Connell, G. Miller, S. Rutherford, et C. Chu. 2012. Pesticide regulations and farm worker safety: the need to improve pesticide regulations in Viet Nam [Réglementation sur les pesticides et la sécurité des travailleurs agricoles: nécessité d'améliorer la réglementation sur les pesticides au Viet Nam]. Bulletin de l'Organisation mondiale de la Santé 90(6):468-473.
Sallam, M.N. 1999. Insect Damage: Damage on Post-harvest [Dégâts causés par les insectes: dégâts après récolte]. FAO et Centre international de physiologie et d'écologie des insectes (ICIPE).
Schreinemachers, P, et P. Tipraqsa. 2012. Agricultural pesticides and land use intensification in high, middle and low income countries [Pesticides agricoles et intensification de l'utilisation des terres dans les pays à revenu élevé, intermédiaire et faible. Food Policy 37(6):616-626.
Sharma, H.C. 1993. Host-plant resistance to insects in sorghum and its role in integrated pest management [La résistance des plantes hôtes aux insectes chez le sorgho et son rôle dans la lutte intégrée]. Crop Protection 12(1):11-34.
Sisay, B., J. Simiyu, E. Mendesil, P. Likhayo, G. Ayalew, S. Mohamed, S. Subramanian, et T. Tefera. 2019. Fall armyworm, Spodoptera frugiperda infestations in East Africa: assessment of damage and parasitism [La légionnaire d'automne, infestations de Spodoptera frugiperda en Afrique de l'Est: évaluation des dégâts et du parasitisme]. Insects 10,195.
Site atik sa a kòm
Swartz, S. 2019. Prevansyon Pès Ki Detwi Jaden. ECHO Nòt Devlopman no. 145.